Fè yon pa (feat. Dardeley Gildwige)

Felando

0 fans

Felando


4:01

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Ou Fè pa pa w
Si mwen menm fè pa pa m
Si ou menm ou  fè pa pa w
Si  tout moun fè pa pa l
N ap gen yon lòt sosyete iye
Si leta fè pa pa l
Si legliz fè pa pa l
Sektè prive fè pa pa l
N ap Gen yon lòt sosyete iye e iye iye eye
N ap Gen yon lòt sosyete iye

M ap remèsye sitwayen sa ki fè pa pa l
Kòm yon timoun ki nan lari ki pat janm viv lanmou papa l
A 7 lane m pa t gen lòt chwa, m te pran lari a
Malgre m konnen li  te danje men m te prè pou m peye pri a
M t ap viv yon vi  pèsonn pa t ap janm swete
M pa konn si s on mal mwen te nan vant se kounye a m ap peye l
Malgre m dòmi m pa t janm gen chans pou mwen reve
Paske sa k fè vi chak jou m se pwoblèm ak kalamite
M te la m t ap tann jou pa mwen an rive
Men m pat atann se konsa l t ap rive
Mèsi BonDye mwen an
Mèsi BonDye mwen an

Si mwen menm fè pa pa m
Si ou menm ou  fè pa pa w
Si  tout moun fè pa pa l
N ap gen yon lòt sosyete iye
Si leta fè pa pa l
Si legliz fè pa pa l
Sektè prive fè pa pa l
N ap Gen yon lòt sosyete iye e iye iye eye
N ap Gen yon lòt sosyete iye

Lapli  mouye yo, solèy boule yo
Chak jou se menm senaryo a k ap dewoule oh
Yo pa gen lwazi,  yo pa "dwe" defoule  yo Adye  oh
Kilè n ap  rann nou kont, kokorat jodi,  bandi  demen
Kilè n ap pran avni bèl peyi sa a demen
M ap fè pa pa m , fè pa pa w, pou l fè pa pa l
An nou sove tchovi  yo
Yo la y ap tann kilè pou nou vin pote bra ba yo
Yo san lespwa  an nou gade kisa nou ka ba yo
Egoyis, inyorans  an nou fè yon jan pou n kaba yo
Pou nou sove  tchovi yo

Ayiti cheri menm nan men w
Papa mèsi, mèsi
Yeah Felando kijan w santi w kounye a brother m santi m byen wi.
Sos Mizik,  gòch t polche bèl touch
Ou se yon boukan ki te  mouye
Kounye a zetwal ou ap briye
Ou t ap viv san ti moso  lespwa  ou pat gen kote pou m apiye
Kounya se yon lòt eksperyans  men gen bagay ou p ap ka bliye
Ou pa gen gran choz pou ou ofri ke 2 jenou w pou w ka priye Priye
M ap priye pou tout moun  ki sipòte m
Manman m ki  te mete m sou tè  sa a
Ki  pa t gen lide jete m mèsi
M ap priye pou medya ki te poste m
Lè sitwayen sa te vin pranm franchman sa te trè motive m mèsi
M ap priye pou moun ki te kòmante
Sa ki te santi doulè m
Ki konprann janm te toumante Mèsi
Pa bliye  m pa t nan lari poukont mwen
Si nou vle sove ayiti se men timoun yo pou n kenbe

Rès yo nan lari a men kilès k ap vin  sove yo
Pa fayi ak misyon nou, nou pa gen dwa neglije yo
Pran men yo, ede yo,  konprann yo, tande yoWayayayay

Si mwen menm fè pa pa m
Si ou menm ou  fè pa pa w
Si  tout moun fè pa pa l
N ap gen yon lòt sosyete iye
Si leta fè pa pa l
Si legliz fè pa pa l
Sektè prive fè pa pa l
N ap Gen yon lòt sosyete iye e iye iye eye
N ap Gen yon lòt sosyete iye

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: Dardeley Gildwige, Felando Major, Polche Cedieu

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Fè yon pa (feat. Dardeley Gildwige) Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Fè yon pa (feat. Dardeley Gildwige) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 29 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/11034647/Felando/F%C3%A8+yon+pa+%28feat.+Dardeley+Gildwige%29>.

    Missing lyrics by Felando?

    Know any other songs by Felando? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    Which girl group had hits including Pure Shores and Never Ever?
    A All Saints
    B Pussycat Dolls
    C Indigo Girls
    D Dixie Chicks

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Felando tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!