Pi Gwo Fòs La

Ekilib RichNèg

0 fans

Ekilib RichNèg

Ekilib RichNèg is a contemporary musical artist known for their unique style and fusion of various genres such as hip-hop, reggae, and Afrobeat. They are known for their powerful and socially conscious lyrics that address important issues and promote unity and empowerment. Ekilib RichNèg's music combines catchy melodies, infectious rhythms, and thought-provoking messages, making them a standout artist in the music industry. more »


3:05
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Jèn, pa aksepte nenpòt èd
Se ka yon pyèj
Pou antre nan zafè w', ou dwe montre valè w' pa prèv ke
Depi nan anfans, yo t'ap aprann ou pa viv sou depandans
Nou tout pap rive menm kote nan vi men nou dwe pran chans
Chaje varayasyon nan defo lèzòm
Se mwen k' pou di w'
Antan ke nomad ki damou geto k'pa damou zòn
Repitasyon pa fè moun ,ret konnen ou lib
Pa rete sou zafè lòt si w' pa vle reprezante sib
Mete tèt ou an plas , deja pèsòn pa t' di l' tap fasil
Pa dekouraje menm lè w' wè pwoblem ap vini pa pil
Twòp kakil vle fè w' fou, jis pa fè gwo koulè
Menm si gen frap ou pran k' rive fè w' santi gwo doulè
Paske ret trankil se remèd kò
Sa ka menm rive yo pran rezon w' pou yo fè l' tounen tò
Evite zanmi flè a sezon, bonjou yo se mantò
Itilize bon sans, souvan fò w' gen mefyans
Pa lage kò w' mal paske l' ra pou w' jwenn moun ou ka fè konfyans
Nan zòn nan, sa k' pa renmen w' pap janm pale byen
Tout ap swete w' echwe men w' pa sipoze bay legen
Siksè w' ap fè yo wont kanmèm, menm si se pa demen
Reziyen w' ak yo grenn kenèp kounya, pita se ka rezen
Viv senp, ou gen yon plan ret konsantre sou li
Sispann gaspiye tan deja w' pa gen kontwòl sou li
Twòp imilyasyon, ou pa alèz, met tèt ou deyò
Pa gen anyen pou w' pè, tou moun konnen sa n' ap tann se lanmò

Sajès se pi gwo fòs la
Soufrans ap chanje w' lè l' pi atwòs la
Negativite pa yon solisyon
Chagren l' pote sonje ke chak grenn nan nou g'on misyon
Bondye k' ba nou pòs sa
Pa janm mache sou lòd sa ki mechan yo
Positivite rann ou gran devan yo
Toujou fè atansyon ak antouraj
Viv vi w' nan nenpòt fason l' vini pran kouraj

Rezistans ki fè nou la men yo pa kwè
Ke plizyè moun ki te chè pou nou, twò bonè y'al anba tè
Yo pa ka wè efò nou fè
Olye de fò, yo vle nou fèb
E yo ta pito n' ret atè ap pran frap mizè anba kè
Jistis ki fèt pou tout moun plis rete pou yon pati
Sitou nou nan yon vye sistèm ki kontwole pa yon pati
Kote sèl sa k' gen kapasite debloke w' la se pòch
Wi, reyalite sa tris men fòk ou pa bliye kote w' soti
Pale mal de yon senp plant, bay pasaj ak alkòl, sigarèt, kokayin
Youn pa t' fèt ak zèl, men yo tout ta vle al ret sou lalin
Ki vin rann yo twouble n' fè n' bliye objektif egzistans nou
Pran tan n' pou fè lajan, jis pou yo vann nou esperans
Se pa rans, lè w' ap fè separasyon yon plat a kat bouch
Pandan l' difisil pou n' jwenn manje l' fasil pou n' jwenn bwat katouch
Men nou menm, nou dwe reyalize ke se menm yo menm
K'itilize tout riz pou nou youn touye lòt grenn pa grenn
Jodi a menm, ou ka deside kase chenn ke w' te rive wete nan pye w'
Men k' rete makonnen nan tèt ou
Konnen ke, vrè richès yo pa bagay envante
Yo natirèl
Byen kalkile sou ki ang w'ap gad lavi, kanmèm l'a pi bèl

Sajès se pi gwo fòs la
Soufrans ap chanje w' lè l' pi atwòs la
Negativite pa yon solisyon
Chagren l' pote sonje ke chak grenn nan nou g'on misyon
Bondye k' ba nou pòs sa
Pa janm mache sou lòd sa ki mechan yo
Positivite rann ou gran devan yo
Toujou fè atansyon ak antouraj
Viv vi w' nan nenpòt fason l' vini pran kouraj

Pi gwo fòs la, pi gwo fòs la, pi gwo fòs la
Sajès se pi gwo fòs la
Li se pi gwo fòs la, pi gwo fòs la, pi gwo fòs la
Sajès se pi gwo fòs la

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: Jean Jude Dauphin

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Pi Gwo Fòs La Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Pi Gwo Fòs La Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 16 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/11235445/Ekilib+RichN%C3%A8g/Pi+Gwo+F%C3%B2s+La>.

    Missing lyrics by Ekilib RichNèg?

    Know any other songs by Ekilib RichNèg? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    On the album "Diver Down", which song did Van Halen feature a cover of?
    A You Really Got Me
    B Ice Cream Man
    C (Oh) Pretty Woman
    D A Apolitical Blues

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Ekilib RichNèg tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!