MO

ENCRE D'OR

0 fans

ENCRE D'OR


2:48
#1

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

M te gen yon maux de tête
Se mo'm yo k geri'l
Nan denonse sak pa bon
Yo di mo'm di
Mo'm di tèlman pwòp
M modi mo sal
Mo sal m te jwenn nan pakou'm fè m ekri istwa'm pwòp
Pwòp mo'm fèm danse m son fanm mo
Nan ekri twòp doktè di'm gen vè
Nan chèche koulè pou'm met nan slam mwen m vin sou
Sanm pa satiyèt mo'm fèm ri
Nan sikre ak mo m soule
Nan chèche gou pou'm ba mo li manke gen twòp sèl
Nan sèl fè je de mo nan tèks mwen gen ki rele'm bon jwè
Se dife k pran lè mo'm met nan je
M son limyè ki pa ka etèn
M lage gaz lè m santi m lwen siksè'm
Si mo'm vin dou se paske gen moman nan vi'm ki amè
Mo'm fè malè se pa pa aksidan ki fè l fese moun atè
Mo'm akouche emosyon'm li grandi nan nanm mwen
Se pa kòm si se fizik ki fè m kwè nan loi d'attraction men se non mwen
Kou'm te pran yo pat gen pwofesè menm te frape fò
M konn gen rezon nan chèche jistifye m ak mo m parèt gen tò
Twòp mo blese menm lè gen lòt mo pou geri'l gen sikatris
Kris te di kite yo pale pou wòch pa pale pou yo pa gen lavwa o chapit son ka tris
Mo detwi mo konstwi nan chèche konstwi mo'w bat pou w pa detwi l
Mo bay lavi mo tiye
Wap viv konbyen moun ou tiye ak mo'w?
M fè rati nan mo'm menm kanpe apre chak mo'm
Mo'm fè m gen kran
Siw fè m mal ak aksyon w mo'm ap fèw gen kranp
M tèlman byen koud mo'm yo rele'm modèl

San makiyaj yo di mo'm bèl
M pa konnen lavni men mo'm wè l
Mo'm rive lwen
M pa vwayaje men mo'm fè l
Tout mo'm gen sans
M pa jan de powèt kap di pil mo ki sanble menm k san sans
Esans nan mo'm met sans nan mo'm
Menmsi mo'm ta gen san sans m pap janm ensanse
Mo'm ap toujou gen sans
Mo pa ka fè w ale nan paradi men mo'w ka voye w nan lanfè
Ou wè mo se dife!?
Gen moun pou mo yo gen gou yo met piman
Gen sak sèmante sou mo yo siman pou mo yobpa parèt manti
Se pa mo ki defini moun men dèfwa ou konn moun ki moun ak mo yo
Moso mo ka kenbe moun an vi men l pa bay moun souf
Men souf lavi te vini ak mo
Moso mo ka kenbe moun an vi men l pa bay moun souf
Men souf lavi te vini ak mo
Encre d'or

 Struggling with MO? Become a better singer in 30 days with these videos!

Written by: DJENANE BELIZAIRE

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the MO Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "MO Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 28 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/11573705/ENCRE+D%27OR/MO>.

    Missing lyrics by ENCRE D'OR?

    Know any other songs by ENCRE D'OR? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    "Wait For You" is a song by which American Idol singer?
    A Chris Daughtry
    B Clay Aiken
    C Elliot Yamin
    D David Cook

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    ENCRE D'OR tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!