Tande (feat. Talie)

Èzli

0 fans

Èzli


3:05
#1

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Fè yon tèks trè difisil e plis lè w vle sensè
Dezabiye m anba limyè èske s on zak sanse
M pote pwa mo m tankou se bout sak sou zepòl
Santi m febli m anvi rive gramè m apèn ap souke kò l
Vèb doulè m pa pase san tras men
Chak fraz gen mak ase pou fè san tras men
Ta ka touche chak zòn nan kò w tèlman imaj yo vrè
Chak pwen vigil ka apezan lè l leve sou vizaj yon frè
Kè k pote batman l kon tafya tanbouyè rara
Ekspoze ak plis ritm kon sa tou blese souvan l ponpe san
Pafwa se mankman m vle kaba nan doulè traka
Depoze chay kritik pran sak mwen m bese sou vant konte jan
Linivè pote m ansenye m prensip aranjman l
Chagren ka bwote w m konseye w pran plis angajman
Chèche enèji tounen nan ou sou vle verifye
Trajè sa sou plan sa san dout wout pou jwenn verite
Trese mo pou dekòde lavi
Pou chak souri vin yon pwomès
Chak nòt tankou lapli k ap farinen
Trese mo pou fè Solèy leve nan kè ki pèdi chimen
Yon melodi pou raple nou renmen
Vokabilè a tris entansyon yo vrè
Fot pa w yo pa plis sansasyon regrè
Ki simen nan kè w fè lapli leve nan je w
Pran pasyans
Grenn kontantman ap jèmen tann lè w sè m se pa chans
Kesyon se kòman pou w pran mezi sans k ap degaje
Nan chak gout dlo je m wè delivrans k ape naje
Bra m pèdi fòs sou zèl powèm mwen m paweze
Gwo van perèz ezitasyon pa rezon pou mwen pa oze
Chante nanm rezistans sèman pou egzistans
Mwen koute tout repons poze kesyon doute sou evidans
Paj k ap blanchi bezwen mo pou fè lakansyèl
Wete chapo l devan penso ak lank ki ka fè l al nan syèl
Mwen m s on malad ki sere penn li n on bèl plim
Swanye m sou beat zak kreyasyon m s on bèl ti salon terapi
Sa son balad pou zwazo nan kè w pouse plim
Si l geri w tou wa di Mc a mèsi w te bwè te rap li
M anvi w tande rèv mwen
Nan sa m fredone
Ke mizik sa bwote
Tout sa kè m sere

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: Andy Antoine, Nathalie Cerin

Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Tande (feat. Talie) Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Tande (feat. Talie) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 6 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/13783337/%C3%88zli/Tande+%28feat.+Talie%29>.

    Missing lyrics by Èzli?

    Know any other songs by Èzli? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    According to Bob Marley's former girlfriend what was the song "I Shot the Sheriff" really about?
    A The Media
    B Birth Control
    C The Police
    D Western Movies

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Èzli tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!