VAR Kris la (VKL)

Doxa II A'cappella

0 fans

Doxa II A'cappella


4:05

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Gen anpil moun ki refize
Aksepte vin sèvi Bondje
Yap pran pretèks yo inyore
Ke Jehovah li egziste
Poutan si nou byen obsève
Nap wè tout sa lòm envante
Nan syans ni bagay ensanse
Se mèvèy Jezi yo kopye

Avyon an vole kon zwazo
Nou swiv cheval pou n' fè moto
Tankou lalin kap bay limyè
Pou fènwa se anpoul nou fè

Alò sa se yon verite
Se nan Kris sous konesans ye
Tout sa dwe fèw reyalize
Ke viw se pou Kris li dwe ye

Me kounya tout kotew pase
Sèl sa kap fè actualité
Tout moun se de VAR yap pale
Se yon videyo ki plase
Nan foutbòl pou yo detekte
Tout anti-jeu ou fot kache
Nap pale de li san panse
Ke se nan LaBib sous li ye

Jiskilè je nou va louvri
Pou nou sispann kite plezi
Fè nou vire do bay Jezi
Li menm ki se mèt lanati

Sa l' fè pwouve se verite
Se nan li sous konesans ye
E yo dwe fèw reyalize
Ke viw se pou Kris li dwe ye

Bib la di nan dènye jou a
Kris ap kanpe nan pòt syèl la
Santans chak moun lap pwononse
Selon sa yo tap pratike
Videyo chak moun ap fèw wè
Lèw tap viv tout saw te konn fè
E se sa ki va deside
Pou ou kisa ki rezève

Tout sa wap mache fè chak jou
Kris anrejistre yo pou ou
Nan sistèm VAR ki nan syèl la
E nou tout gen pou parèt la

Paske sa se yon verite
Se nan Kris sous konesans ye
Se sak fèw dwe reyalize
Ke viw se pou Kris li dwe ye

Pandan nap pale de VAR la
Sonje vrè VAR se nan syèl la
E nou tout gen pou jije la
Pou zak nou tap fè sou tè sa

Se Jezi ki abit la
Pap gen koken nan VAR sa
Chak fwaw diw pat konn fè sa
Kris ap louvri videyo a

Kris ap ouvri videyo a
Ou tap viv nan dezòd lachè
Kris ap ouvri videyo a
Ou menm se te yon gro mantè
Kris ap ouvri videyo a
Ou te renmen pale moun mal
Kris ap ouvri videyo a
Ou nan bal, ou nan kanaval
Kris ap ouvri videyo a
Ou konn meprize malere
Kris ap ouvri videyo a
Olye w ta fè yo charite
Kris ap ouvri videyo a
Texte de Guiddalthi Fils-Aimé

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Written by: Guiddalthi Fils-Aimé

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the VAR Kris la (VKL) Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "VAR Kris la (VKL) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 27 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/4521072/Doxa+II+A%27cappella/VAR+Kris+la+%28VKL%29>.

    Missing lyrics by Doxa II A'cappella?

    Know any other songs by Doxa II A'cappella? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    The English rock band "Oasis" is composed of?
    A 4 artists
    B 3 artists
    C 5 artists
    D 6 artists

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Doxa II A'cappella tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!