Kanè Sekrè

Règleman Afè Popilè

0 fans

Règleman Afè Popilè


4:29
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

8 Me demilven
2 Zè karannsenk
M ap bouske somèy nan yon black-nòt
3 Fwa klavye a ban m non w
Jis paske m tape S
Sa fè 7 fwa
M pran imajije vizaj ou
Lè w tande sa nan 106 jou
Alòs mwen tanmen chache
Yon mo k pou fè san w mache
Kisa m potko jan m di w
Ki pawòl ki ka touche w
M pran fouye nan panse m
Reviv tout sa nou viv
Chache nan pase m
Dekòtike chak ti souvni
Pouki m santi g on bagay ki manke
Poutan m sèten tablo a penn san fòse
Pouki kèk dout ret ankè
Toutan m ap rape tout efase
M reyalize
Chwazi pa sifi
Asime pa sifi
Règrè yo ka toujou gide m
Men fò m pran tan pou m eksprime yo
8 Me 2020
4è sèt dimaten
Mwen pa t la lè w te pi bezwen m nan
M regrèt
Mwen mande w padon

M te f on kanpe
Pou m vanse
Kite wout nèf
Pou on tè glise
Nan yon lakou pòv se peche
Si po w boule
Si w pot tete
M oblije pran ponya mwen

Bajou kase, kòk la chante
Kouri pran wout avan solèy leve
Lawouze sou po pye m
Lakodo sou pòyè m
Wout simityè ! Sou tonm Chemène mwen prale
2 3 Kout kleren, yon balèn
Manman! Lanmò w se malè n
Lavi a ban m kou, menm bal tou
Men m bal tou
Depi w ale! Peripesi n koumanse
Non m se! Dlo pote van charye
Tout jouman! Tout rayiman!
Tout chay pa w nou pote
Yo di w t ap kouche pa lanmè leve pa divizyon
Se sa k fè w pa konn papa Sherley
Anpasan, yon lane apre w Papa m ale
Nan sa ki di, kisa ki vre?
Èske se vre, se frè a ki touye w vre?
M pa gen okenn souvni w, pa gen anyen ki rete
Men mwen souri chak fwa yo di m sanble ake w

M te f on kanpe
Pou m vanse
Kite wout nèf
Pou on tè glise
Nan yon lakou pòv se peche
Si po w boule
Si w pot tete
M oblije pran ponya mwen

Lanuit s on twou fon yon gwo vid yon silans mizikal
Yon pansman yon beki yon womans medikal
Tankou lobo pou m navige m plonje nan de bra yon powèm
Batiman chagren m fè nofraj vide lank m anbeli pwoblèm
Souri m yo sensè men rezon yo fo
Gòj deplwaye m eklate ri m chak lè manjezon yo fò
Gen rezon ou tò? depi n rekòlte flè k nan mwen
Move sezon n sèvi m hounfò refi m reflete pè k nan mwen
Tankou yon foto danfans k ap pèdi dan sou miray souvni
Pwezi m an kadans bay bèl ti dan soutni l ak soupi
Lavi nan patans pa pèdi tan suiv li l s on toupi
Lari banm pa dans sekrè kijan m viv li nan bout li
Anverite m pa poukò m chaje kè tris ki banm zepòl
Yon frè yon sè swa se joslin oubyen se Pòl
Lè m wet aksan fòs menm mò tounen yon bèl mo
M rap san fòs anfas lanmè chak vag m ofri n yon bèl bo

Nanm mwen kache nan chak nòt
Melodi m pa fè wonn pòt
Kè m louvri de batan
Men la se pousyè k vle antre
Bote sere Nan chak nòt
Gou souri m pa fè wonn pòt
Ou aprann mwen pou m konbatan
Laperèz mwen yo mwen antere
Manmanmanman
M te f on kanpe
Pou m vanse
Kite wout nèf
Pou on tè glise
Nan yon lakou pòv se peche
Si po w boule
Si w pot tete
M oblije pran ponya mwen

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Written by: Andy Antoine, Claude Julien, Romary Telcin, Vanessa Jeudi, Wedly Mozeau

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Kanè Sekrè Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Kanè Sekrè Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 29 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/5726473/R%C3%A8gleman+Af%C3%A8+Popil%C3%A8/Kan%C3%A8+Sekr%C3%A8>.

    Missing lyrics by Règleman Afè Popilè?

    Know any other songs by Règleman Afè Popilè? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    Which famous author and creator of "The Sandman" graphic novels is a close friend of Tori Amos is also mentioned in a number of her song lyrics?
    A Neil Gaiman
    B Sam Snyder
    C Joëlle Jones
    D Jeff Johns

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Règleman Afè Popilè tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!