JÒF (feat. 35 Zile)
Règleman Afè Popilè
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
O kòmansman se te aksyon, pozisyon Street, manifestasyon Vin gen mizik, pasyon M sonje kèk prestasyon Nou pa ta pral menm kote Men n te fè ILA fè stasyon Vizyon, konviksyon Malgre kèk presipitasyon Konstui yon Jenerasyon Ki pap mouri san pale Ki pap viv san aji 35 zile kòm pi gran Fè n wè mizik se maji Potko gen fan, te gen aderan San buzz met moun sou de ran Kanpe tennfas, mete kran Suiv tras kèk veteran Souvni yo tounen chak ane k on tradisyon Raple n sa fè depase tout kontradiksyon M te pran prensip yo kou dwòg, kounya m ap goumen kont adiksyon Menm lide Envensib la, mo yo jis chanje k on tradiksyon Nou t ap karese menm rèv se pa t lajan nou te manyen Jou yo pase men pyès moun pap di n pa kite anyen Obstak pa anyen, echèk pa anyen Bon kou move jou nan yon sèl panyen Jenerasyon Ogou Feray Pap mouri san pale S.S.T.O.P mennen n sou woup R.A.P R.A.P pou boukante lide, popilè Kwape gwo lide, fo lidè Kwaze sa k gen menm plim Pa menm lotè, pa lote n, pa menm plimay Jenerasyon Ogou Feray Kreyasyon rap, batay Kale, rale Pa pale san Zile Pa travèse san Règleman Nou tanpe l, tape l bang bang Still Gwo Manman gang gang Rimatizan patante Se tout on mouvman se pa talan si sa mache Isit se pa pye w ki fè w mache Rap konsyan an tounen mache Rap la egotrip, pwezi a egotrip M konprann ou Ti trip ap vale gwo trip M vin touye dout mwen M vin touye tout mwen Se nou ki pou konte Se sou nou pou n konte Kole zepòl ki konte Se men ki pou kontre Bay lwa yo manje, touye bouk blan Nan bouk lan, manje pa boukante Lavi s on boukan k fèt ak bwa nan bouk lan Depi sou Boukman, nan Booknanm Boukannen Book blan Yòò! Boukannen book blan Jenerasyon Ogou Feray Pap mouri san pale Maryaj Plim ak beton popilè katye jwenn fòm ekspresyon Geto opinyon fòm kreyasyon kontèks opresyon Bri bal kreye son pou emosyon pwezi sansasyon Mezi sans aksyon se pote son sezi sans pasyon Anfòm nan fon kou fòm anvan m fon bon kou fòm Wet chapo ba vwa m bay maj-o chak fwa m Nan twou won san fon nan twou fon san fòm nan tout fon m se kòn Met cham yo nan vwa m met chay mo nan bra m mouchwa m yo se vwa n [han] Vensib-en ritaj-etikèt mizik chante kri pèp Chak tit nan vi n rap se linèt kritik Plante pikèt revòlte w lib black se byennèt ki l-iv k Ekri istwa n defòme m vin ba w yon hip-hop atik Ti jèn mank dèl-mo pou bèl mo jwenn imaj nan poubèl yo Kout rèl yo tout rèv yo penn imaj nan nouvèl yo Medya kouvri reyèl yo jere nasyon fè l ay ak mizik BosalHustler jenerasyon ogou fè raj ak mizik! Jenerasyon Ogou Feray Pa prale san lite Pa prale san lite M rive trase chimen m Nan swiv trase pase motèp Po tèt mw kase Nan panse pase lespri Panse jeni panse pase motèp M pase nan pòt kay bitasyon feray Nan panse bit ak son sou bitasyon loray m trouve m nan mitan dife dife Nan pay jòf kife nan May kife nan nay nan panse life anfas tabsalon odan Nan panse life ogou fè pwen an pou n Vanse nan life ret kanpe tòf djougan San blòf nan mitan boukan Vanse ak dan vanse ak kran M gen misyon pou m vanse ak divès klan Men jamè wete trip pou pay Trib pou bay trip sou fay loksidan po nwa andidan blan Se fanon kantite ak kalite Se mawon M kale nan yon vale kote tt moun soude kon mayon bosal absalon di m nan salon Tan twop chèn pa souvan gate revèy M tonbe nan konte mèvèy nan konte reyèl nan twouve yon kalte rebèl Nan balon van pandan m tap eseye kontenple egzistans mw nan miwa tan Madan lenba pwoche têt anba pou l Di m son mèvèy Tan an rele bondje nan tab egzistansyèl Kap toune lavi n nan yon mond atifisyèl : pou n back anvi nan yon mond reyèl M anvi plonje m Nan yon chema Kote m ta blije tòk tòk Tan nan yon espas vivan Kote l ta blije afiche l nan yon top Top chrono sakre vivan Absalon tanmen transmèt Mistè l tabli nan chak Kreyasyon nan mitan rit ak son Kosmik nan yon vini ale Yon saj pwoche pou l di m ou vini Pou w sispann ale
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
Written by: Andy Antoine, Claude Julien, Frantzy Nougaisse, Romary Telcin, Vanessa Jeudi, Wedly Mozeau
Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"JÒF (feat. 35 Zile) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 8 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/5726481/R%C3%A8gleman+Af%C3%A8+Popil%C3%A8/J%C3%92F+%28feat.+35+Zile%29>.
Discuss the JÒF (feat. 35 Zile) Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In