Pou demen
Règleman Afè Popilè
Struggling with Pou demen? Become a better singer in 30 days with these videos!
Lanjelis gen sekrè l Mèt minui pa gen zanmi Nuit nou yo marye ak van Tete manman sevre zanj li Douvanjou gen sekrè l Lawouze se sèl zanmi n Demen n a louvri je n anfas solèy Enspirasyon sensè powèm frajil gospel doulè Akò nan malè bonè lavi se jwenn koulè Kè kontan m s on kagoul yon lach k ekriti demaske Pitit solèy labou bay tach k ap tann lapli pou repare l Ri melodi tris refren dousè vwa lesivyè Rime lavi m plis temwen pousyè m fè lesiv lè Eko kè m krispe kòlè m anpyete sou tandrès mwen Defo k fè m puiske ògèy mwen sere flè feblès mwen Se di pou m esplike m leve epe m kòm siy lapè M livre gè m mizik ki jwe se senfoni yon briz lejè Danse sou fo nòt nan kontre tan kouplè m andomaje San alterasyon konfwonte pè m mwen pran l an do majè Ritmik vyolan menm lib tankou m te Louis Armstrong Kritik do m pran menm viv pran kou fè m vin pi strong Se vre plen jij chak jou k ap tante fè m moral men Anvan m chante m chèche konn vwa k ap fè bas nan koral mwen (GANG) Nou kaskad e tate takle n pran on sèl so Nou ka scat e rape tande n concerto Leta bay ti grapday avegle bon sans yo Tout batay atizay e frape konsyans yo Anfèt n ap kreye pou n reziste Rezistans nouri kreyasyon n sèl patisyon n egzekite Nou swete kite aksyon nou kòm metwonòm Tempo kakofoni epòk k ap chante mal nan mikwofòn Lapli lave doulè n Yon rivyè san koule Lakansyèl detenn sou pye Tablo n yo san koulè Lapli lave malè n Sous lavi nou seche Dèyè mòn gen mòn Dèyè mòn gen moun Tan an ap defile, anyen pa chanje Zegwi ap file, men sikatris yo pa pyese Se toujou menm kri, menm bri kout kròs fizi Se toujou menm li, sou menm liy, mwen gwòs lavi Syèl la tou gri, men m ap fòse konte zetwal P ap benyen nan san m, pòch gòch mwen G on moso twal ki koulè san m Ki konte konbyen paj ki gen nan liv lavi bosal Kenbe l kòm eritaj, konte istwa lavi bosal Fè chwa pou manje viv, lavi pa fouti devaste Fouye simityè liv, tonbe sou Baron De Vastey Demen! S on bèl rekèy powèm, Leta pa prefase Pa pè fouye pase, touye jodi, pou demen souri Pa pè pwoche, pase men sou po l, pou mak pa m efase Deja fè vèy li, nou nan dènye jou, rasanble, soufle banbou Kase ti bwa nan zòrèy mwen, pa toumante somèy mwen Kite m pran bèl plezi nan gouyad yon tanbou Demen dw on bèl zèv, yon gwo rèv, yon bèl itopi M vle wè plis Inosans timoun k ap bouyi toupi Kite m vanse sou wout mwen, bourik chaje pa kanpe Pa kouri pou move tan, m jis pa vle twò ta bare m Kabare m chaje, prese pou m al bay sa m te pran Mwen pa gen nen Leta, konnen viv dwe eksitan Nou ka viv byennèt la, ni nan kò ni nan panse n Lapli lave doulè n Yon rivyè san koule Lakansyèl detenn sou pye Tablo n yo san koulè Lapli lave malè n Sous lavi nou seche Dèyè mòn gen mòn Dèyè mòn gen moun Se pou chak lide nou twoke Chak chay nou pote Prensip ki sèvi n toke Se pou fòs ki fè n sipòte Se pou chak makout nou kwoke Chak kote n paka rive Pou chak wout nou debloke Se Pou chak sa k pral rive Se pou chak zak nou poze Chak sa nou oze Se pou solèy, se pou limyè Se pou chak tò nou koze Pou chak flè k depoze Chak sa k opoze Pou lavi, pou demen Se lanmou n pwopoze Se pou chak vi k ekspoze Avni k eksploze Nou pap fè lajan N fè pitit se pa pou do n repoze Se pou chak souri n pwovoke Pou chak moun nou choke Chak espri n envoke Pou chak bon souvni n estoke Se pou chak zepòl ki kole Chak vizyonè nou kwaze Chak pwojè lavi k kale Se pou chak konplo ki kraze Se pou chak sòlda ki kote n Pou chak fwa nou woke chak aderan ki koute n Se vwa tout yon pèp k ap wouke Se pou chak sè, chak frè, chak jèn ki bouke Pou chak tchovi, chak fanm, chak rèv ki jouke Chak pwen ki leve, chak tèt ki souke Chak clan, chak gang , chak dread lapolis fouke Lavi s on konba, se pou sila yo k pi fèb E Se pou chak malere k ap bat dlo pou fè bè Se pou sila k ap viv mal, men k ap fè byen Sa k san lavwa o chapit, zak yo pale fen e byen Yon fenèt sou lavni Pou byennèt Pou lavi Kwa senbo Kwa lakwa Rezon pèp se lalwa Demen s on pi bèl liv Pou n nouri Pou n konstwi N ap wete mò pou n mete mo N ap jete dlo N ap kenbe do
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
Written by: Andy Antoine, Claude Julien, Romary Telcin, Vanessa Jeudi, Wedly Mozeau
Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"Pou demen Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 3 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/5726484/R%C3%A8gleman+Af%C3%A8+Popil%C3%A8/Pou+demen>.
Discuss the Pou demen Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In