Revè lannuit

Cie Bazou

0 fans

Cie Bazou


1:58
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Li fèt nan somèy
Se yon bèl rèv ki kale l
Men reyalite l san manman
Chak jou li gade pla men l
Li pa wè tras lavi
Li louvri bwat sekrè l
Demen pa kite okenn nouvèl
Di brase lannwit
Men lalin pa janm kimen
Li fwote lespri l ak fènwa
Nanpwen rèv ki fè etensèl

Lè li leve
Solèy kouche nan je l
Lanjelis tonbe nan kè l
Li voye je nan syèl la
Chaje zetwal
Men li pa konn konte
Lorizon make san
Men li pa konn li
Li di bonjou kaye
Alfabè rete bèbè
Li bay kreyon lanmen
Lèt yo vire do
Li niche pye mo yo
Silabè krache sou li

Se vre teren an glise
Men se depi l fèt
Leta mete l sou ban madichon
Pou gade lavi k ap pase
Lapli tonbe sou tèt li
Lanmè monte nan je l
Move tan tounen inifòm

Timoun jodi
Lap swiv wout demen...
Chak fenèt li louvri sou lavni
Lari a blanch
Tablo a vid
Manke lakrè
Pou desinen lakansyèl

Valiz nan do
Solèy nan tèt
Bèl flè bò chimen
Li reve pye l k ap make pa
Mache prese pou louvri pòt lekòl
Epi bat zèl nan van lespwa
Tankou tout ti zwazo
Ki gen chans jwenn yon lakou rekreyasyon
Li reve moso pen pou lespri l
Li reve limyè pou nanm li
Men se byen konte mal kalkile
Kote chan bal sèvi zòrye
Dwèt ti lezanj reve gachèt...

Valiz nan do
Solèy nan tèt
Orevwa manman orevwa papa
Li reve vwayèl
Li reve konsòn
Li reve zanmi ti malis
Pou chante lajwadeviv
Li reve plim nan van demen
Li reve lank sou papye lavi
Li reve yon fwa
Li reve de fwa twa fwa
Men se byen konte mal kalkile
Li jwe yon rèv pou granmesi
Lekòl pa bòlèt
Se leta ki machann boul
Ki fè kochma pèdi fren
Nan kan tchovi yo

Revè timoun ki pa wè liv
Se revolvè

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: Jean d'Amerique

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Revè lannuit Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Revè lannuit Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 10 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/6004086/Cie+Bazou/Rev%C3%A8+lannuit>.

    Missing lyrics by Cie Bazou?

    Know any other songs by Cie Bazou? Don't keep it to yourself!

    Watch the song video

    Revè lannuit

    192
    17     0

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    Reginald Kenneth Dwight is better known by what name?
    A Frank Zappa
    B Elton John
    C Jim Morrison
    D Paul Anka

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Cie Bazou tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!