Nan Danje

Gemini All Stars de Ti Manno


7:52

 Struggling with Nan Danje? Become a better singer in 30 days with these videos!

Nou sé premye pep nwa endepandan du mond
Sak koz kè nou gen on pil annyui
Sak koz kè n gen on pil enemi
Lè nou arivé fin pran lendepandans
Tout moun ap pé kritiké
Men sé nou menm ki sové on pil lot pep
Menm Lézétazuni ki premye pyusans du mond
Nou ta rivé édé I pou I pran lendepandans
Lè n fini nou sové Vénézwéla
Nou édé la Bolivi
Nou libéré le Pérou
Malgré tou kom rekompans
Yo chouté nou a koud pyé
Douvan la mize péyi nou
Fè k sevi nou de juwman
Sa sé yon kwa ke na p poté
Si nou té chita
Gadé tèt nou seulmann
Nou pa tap janm an reta
Si nou pa twop ospitalyé
Nou pa tap jan ap soufri
Malgré tou sa nou pa janm regret
Tout byen nou fè nan vi nou
Menm si nou pa rich
Nou se yon peup ki gen on pil loneu
Li pa janm fin twota
Pour yon moun fè sa ki bon nan viw
Ayiti sé péyi pa nou, zépol pousé I monté
Ayisyen men dan la men,
Si n gen kouraj na va rivé
Sin gen lunyon na va rivé
Si n gen volonté na rivé
Na rivé
Na rivé
Na rivé
Si n vé rivé fo nou travay pou n rivé, na rivé
Si n vé rivé, fo n gen tèt ansanm pou n rivé, na rivé
Si n vé rivé, fo n gen lunion pou n rivé, na rivé
Fok nou travay
Fok nou travay
Fon travay pou rivé
Na rivé
Fok nou travay
Fok nou travay
Fok nou travay
Fok nou travay
Fok nou travay
Na rivé
Kolé kolé
Na rivé
Kolé kolé
Na rivé
Nou pa janm regret tout byen nou té fè nan vi nou
LaBib la li menm li diw Aidons Nous Les uns les autres
Tou sa nou té fè nou pap janm regret
Aprèn lavé men nou si la tè
Tou sa n fè pa janm ban nou résipwosité
Koté n pasé n gen pwoblem, nan danjé
Koté n pasé nan danjé
Nou rivé Mayami, nan danjé
Rivé Nouyowksiti nan danjé
Travewsé Chikago, nan danjé
Nou rivé Fowalen nan donje
Rivé nan Kampwonn, nan danjé
Ayisyen Gyuyan fransèz nan danjé
Nou rivé Surinam, nan danjé
Rivé la Mawtinik, nan danjé
Travewsé laGwadloup, nan danjé
Monréyal Kanada nan danjé
Tout koté nou pasé, nan danjé
Janbé Vénézwéla nan danjé, nan danjé
Travewsé o Pérou nan danjé
Janbé la Bolivi, nan danjé
La Dominikani nan danjé
Nou monté Trinidad, nan danjé
Tout koté nou pasé
26 désanm 81 sa mwen m pasa palé
Nan lakou Mayami tout moun gen dlo nan jé
Na p gadé ayisyen paré yon blan ap fè chyen dévoré
Semenn dewnyew Guyan fransez
Sé menm bagay
Sé a koud pyé yo shouté ayisyen
Mété n deyo Surinam menm bagay
Koté n pasé gen pwoblem, nan danjé
Koté n pasé nan danjé, nan danjé
Yo antré lakay nou lè yo vlé, nan danjé
Yo soti lè yo vlé, nan danjé
Nou menm le pou nou alé
Sé on pil pwoblèm yon pil démawch, nan danjé
Avek umilyasyon, nan danjé
Koté n pasé nou gen pwoblem, nan danjé
Koté n pasé n nan danjé, nan danjé
Tout koté nou rivé, nan danje
Ayisyen o Pérou, nan danjé
Ayisyen Bolivi, nan danjé
Ayisyen Etazuni, nan danje
Tounen lakay Tounen lakay
Fon retounen lakay
N'ap tounen
Vin travayé la tè
Tounen lakay
Fon retounen lakay
Vinn bay koud men
Tounen lakay, fon retounen lakay
Pou n tounen ak la vi
Pou wè si nap monté plu wo
Tounen lakay, fon retounen lakay
I lé pou n kolé tet ansanm
Vin travay la tè
Tounen lakay, fon retounen lakay
Tounen lakay, fo n retounen lakay

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Written by: Emmanuel Jean Baptiste

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Nan Danje Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Nan Danje Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 22 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/8964744/Gemini+All+Stars+de+Ti+Manno/Nan+Danje>.

    Missing lyrics by Gemini All Stars de Ti Manno?

    Know any other songs by Gemini All Stars de Ti Manno? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    "Money for nothin' and ________ for free."
    A rings
    B chips
    C drinks
    D chicks

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Gemini All Stars de Ti Manno tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!